8. La vey anvan ti medam yo tounen lekol, manman yo di yo kisa fè bagay ye epi li li on istwa on fi ki te nan on aksidan machinn sou on pon ki kraze lè machinn nan tonbe anba.

Translated by Mario LaMothe

(Read this in English, Polish, and/or Spanish)

La vey anvan ti medam yo tounen lekol, manman yo di yo kisa fè bagay ye epi li li on istwa on fi ki te nan on aksidan machinn sou on pon ki kraze lè machinn nan tonbe anba. Good Housekeeping di si machinn ou tonbe sou on pon ak kraze ou ta dwe sove mari ou pou li pa neye si ou kapab, paske si ou gen on mari ou ka fè plis pitit, aloske si ou sove pitit ou a, wap toujou gen li menm selman. Manman yo panse a sa anpil. Kisa li tap fè si yo te nan on machinn ki tonbe sou on pon ak kraze. Ti medam yo komanse pratike konbyen tan yo ka kembe souf yo lè yo pou kont yo nan chanm yo.